Select a Verse

Yon chan pou monte vè tanp lan. Yon chan Salomon.

1Amwenske se SENYÈ a ki bati kay la,

sila ki bati li yo, travay anven.

Amwenske SENYÈ a veye pòtay la,

gadyen an rete zye louvri anven.

2Se an ven pou ou leve bonè e ale dòmi ta,

pou manje pen a travay di yo,

paske se domi Li bay a moun li renmen.

3Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.

Fwi a vant la se yon rekonpans.

4Tankou flèch nan men a yon gèrye,

Se konsa pitit a jèn yo ye.

5A la beni se nonm ke veso l plen ak yo.

Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.